Mache Dajabón nan fèmen pòt li akòz ensekirite a nan peyi Dayiti 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
mache dajabón nan fèmen pòt li akòz ensekirite a nan peyi dayiti 

Meri Dajabón nan anonse li pran desizyon pou fèmen mache li genyen sou fwontyè ant Repiblik dominikèn ak Ayiti a jiska yo bay lòd pou louvri l. Yo pran mezi sila akòz ensekirite a k ap panpannen kò l nan peyi d Ayiti. 

Aprè ensidan ki te pase ayè jedi 29 septanm nan nan zòn Wanament (Juana Méndez), nan pak endistriyèl CODEVI a kote plizyè moun (Ayisyen) te sòti blese, majistra Santiago Riverón fè konnen mache Dajabón nan pap fonksyone pandan yon sèten tan. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Riverón deklare « moun k ap fè dezòd foure kò yo nan echanj komèsyal k ap fèt sou fwontyè a, pa gen okenn garanti Dominiken yo ap an sekirite, fòk li mete vi yo an sekirite ». 

 

Majistra Dajabón nan akize pi douvan “sendika ayisyen yo ki sou fwontyè a ap ankouraje sitiyasyon vyolans ki rive nan zòn franch lan”. 

Suit ak ensidan, plizyè dominiken ki t ap travay nan zòn franch lan te oblije abrite yo, genyen lòt ki te chape poul yo. Anpil militè dominiken te fè entèvansyon sou fwontyè a. 

Ayè jedi 29 septanm nan, atmosfè a te gen tansyon nan pak endistriyèl CODEVI, ki chita nan zòn franch ant vil Wanament (Ayiti) ak eta Dajabón (Repiblik Dominikèn).  Machin majistra Wanament lan, Luma Demetris, te frape plizyè moun, genyen ki mouri, blese ak andikape. 

Orijin dram sila, vè zòn midi, plizyè anplwaye ki sòti nan diferan izin te lanse yon mouvman pou denonse rejim Ariel Henry a ki sou pouvwa. Prezans machin majistra a, Luma Demetris, te deranje anpil moun pandan menm moman. 

Li te santi li menase e te pè kòlè manifestan yo, li te oblije prese vide lokal la, se nan moman sa li frape anpil Ayisyen ak machin li, daprè sa plizyè temwen rapòte.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Aprè aksidan grav sa a, moun yo pa rive idantifye te piye pak la, ki anplwaye anviwon 19,000 travayè Ayisyen kou Dominiken. 

N ap raple, depi lendi pase, echanj komèsyal yo pa fèt, zòn sila te blanch kou koton. Pa gen moun ki te vin achte ni vann tou, sa te lakòz anpil defisi ki depase milyon dola te fèt pou komèsan dominiken yo, menm jan ak pou ayisyen yo tou.  

Pandan premye pwotestasyon “Bwa Kale” yo, nan zòn Wanament (Juana Méndez, pou RD), te gen anpil plenyen pa bò kote komèsan Dominiken yo aprè manifestan te bloke pon ki bay aksè ak popilasyon an pou rantre Dajabón. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Sitiyasyon sila te anpeche komèsan ak òm dafè rive nan mache Dajabón nan pou achte ak vann machandiz.  

Pak endistriyèl Codevi ki se yon zòn franch, pat ka fonksyone byen depi lè a, paske gen plizyè milye Ayisyen k ap travay la, yo pa t ka ale akòz pwotestasyon ki genyen nan peyi Dayiti kont twoub sosyopolitik ak ekonomik aktyèl la.   

Fas ak sitiyasyon an, otorite militè dominikèn yo ki nan Lame Repiblik dominikèn nan, ak kò ki espesyalize nan sekirite fwontyè a (CESFRONT) ak plizyè lòt ajan, te oblije ranfòse sekirite fwontyè dominiken an pou anyen pat travèse. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.