Majistra Ikenson Edumé finalman jwenn liberasyon l

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
majistra ikenson edumé finalman jwenn liberasyon l

Aprè anviwon 20 jou pase nan men kidnapè yo, majistra Ikenson Edumé jwenn liberasyon l jodi samdi 8 avril la daprè pwòch fanmi an ki konfime nouvèl sa.

Ansyen prezidan RENAMAH a fanmi l ak pwòch li pa t gen okenn nouvèl sou li pandan plizyè jou depi aprè anlèvman li an nan dat 20 mas pase a, libere aprè pwòch li yo ta peye lajan ki te egzije nan negosyasyon yo.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Bandi ak zam k ap opere nan rejyon metwopolitèn Pòtoprens lan te leve majistra a nan komin Petyonvil ansanm ak tout manman pitit li ki te nan machin nan ak li nan moman anlèvman sa.

Kontrèman ak lòt viktim lan ki te jwenn liberasyon kèk jou aprè, Ikenson Edumé pase anviwon twa semèn nan men ravisè yo ki finalman libere l jodi samdi an aprè yo fin resevwa lajan yo te egzije kòm ranson an.

N ap raple, anlèvman Ikenson Edumé an rive yon ti tan aprè CSPJ te mete l pami majistra ki pa t sètifye yo nan sistèm jidisyè ayisyen an ki te pouse l demisyone nan tèt asosyasyon majistra li t ap dirije an.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.