Aprè 2 gwo siksè fas ekip Valladolid (6-0) nan Liga, epi kont Barcelone (4-0) nan Copa del Rey la, Real Madrid pèdi yon lòt fwa nan chanpyona fas Villarreal (3-2), yè samedi an, nan kad 28tyèm jounen Liga. Yon defèt ki kontinye montre a klè ekip Barcelone nan sou wout pou l pran 27tyèm tit li, Catalan yo kapab grandi eka ak 15 pwen si yo bat Girona demen lendi a.
Ak yon ekip remanye, Real Madrid pa rive genyen Villareal, pou yon lòt fwa jwè C. Ancelloti yo tonbe nan Liga epi rete ak 12 pwen reta deyè rival yo FC Barcelone ki nan tèt klasman. Sou Maren jon yo bat Casablanca yo 3-2 lakay yo, devan piblik yo nan Bernabeau a.
Malgre fanatik yo tap chante, pou montre enterè yo pou final Copa del Rey la kap fèt Seville, 6 me kap vini la fas ekip Osasuna, sa pat anpeche Samu Chukwueze kase mete nan men koyekipye Benzema yo. Nigeryen a ki fè 2 gòl nan match la, pase ak 5 gòl epi 3 pas gòl pou 7 dènyè match li jwe ak Villareal nan Liga. Ekip Quique Setién nan ki anfom, yo pèdi depi 18 fevriye fas Mallorca (4-2), depi aprè defèt sa se yon nil 5 viktwa.
Yon lòt bò ekip Real Madrid la ki gen yon randevou enpòtan fas ekip Chelsea a (ki konnen premye defèt li pou retou Lampard, fas Wolves 1-0) nan Champions League la, Ancelloti ki rete konsantre sou Copa del Rey la ak Champions League la kap di babay ak Liga.
Facebook Comments