Manchester City korije Liverpool nan Etihad Stadium lan

Jacky Chery
Par Jacky Chery  - Rédacteur
manchester city korije liverpool nan etihad stadium lan

Nan yon match sans inik, Manchester City genyen san fòse ekip Liverpool la (4-1) nan okazyon 29èm jounen Premier League la gras ak Julian Alvarez, Kevin De Bruyne, Gundogan ak Grealish ki make 4 gòl sa yo.

Citizens yo ki nan yon batay sere sere ak Arsenal pou tit chanpyon Premier League la sezon sa, fè bèl operasyon sa sou tèren Etihad Stadium lan malgre Liverpool t ap mennen sou yo depi byen bonè avèk Mohamed Salah nan 17èm minit.

Sky Blues yo ki ta pral egalize gras ak atakan ajanten an yo an, Julian Alvarez, nan 27èm minit, reyisi fè twa pwen viktwa a fas Reds yo avèk sitou yon dezyèm mitan efikas kote yo enskri 3 gòl nan entèval 30 minit.

Avèk viktwa sa, Manchester City rete nan dezyèm plas la avèk 64 pwen, dèyè Gunners yo k ap kontinye rete lidè Premier League la aprè 29èm jounen chanpyona sa.

N ap raple, atakan Nòvejyen an, Erling Haaland ki se meyè bitè chanpyona anglè a, pa jwe match sa jodi samdi an akoz yon blese li te pran pandan dènye trèv entènasyonal lan avèk seleksyon Nòvèj la.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.