Manchester City kraze Manchester United (3-0)

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
manchester city kraze manchester united (3 0)

Pou 10èm jounen Premier League la, Citizens yo imilye Reds Devils yo devan piblik yo nan Old Trafford la (3-0), jodi Dimanch lan. Entènasyonal nòvejyen an make 10èm ak 11èm gòl li nan chanpyona a, li se meyè bitè Premier League la.

Kalvè teknisyen olandè a ap kontinye nan tèt ekip Manchester United la. Reds Devils yo tonbe fò nan dèbi Manchester a pou 10èm jounen an. Yon defèt ki mete ekip Erik Ten Hag la nan plis difikilte pou sezon an. Ansyen antrenè Ajax la riske pèdi travay li. Manchester United okipe 8èm plas nan klasman an ak 15 pwen.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Yon lòt bò, pwoteje Pep Guardiola a genyen nan fasilite, epi pran yon 3 pwen ki mete Sky Blues yo kole nan 2èm plas la ak Guners yo avèk 24 pwen nan do Tottenham ki lidè Premier League la ak 26 pwen aprè 10 jounen.

Nan rankont chòk jounen sa, ansyen jwè Borussia Dortmund lan, ki tap penyen lage nan kòmansman sezon an, rive fè 2 gòl nan rankont la (26zyèm ak 49vyèm), sa ki fè li se pi bon bitè Premier League la ak 11 gól. Lòt bitè match la se Phil Foden aprè yon pas sibòg la ba li nan 80èm minit jwèt la. Yon gòl ki te tiye tout espwa jwè United yo.

Pou jan ekip Manchester United la ap mòde lage sezon sa, anpil fanatik rete kwè Erik Ten Hag pa p kapab rete lontan nan tèt ekip la. Batay yo anpil pou Reds yo sezon sa.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive