Yon lòt bon jwè Real Madrid blese aprè Clasico a

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
yon lòt bon jwè real madrid blese aprè clasico a

Aprè bèl viktwa madrilèn yo nan Liga fas ekip Barcelone nan (2-1), klèb vil Madrid la anrejistre yon lòt blese aprè Clasico ayè samedi 28 oktòb la. Daprè yon kominike medikal, Real Madrid anonse absans entènasyonal fransè a Aurelien Tchouaméni pou 2 mwa.

Real genyen Clasico a ak yon gwo Jude Bellingham ki fè 2 gòl pou premye rankont li nan yon evènman parèy. Se vre Real genyen epi pran plis distans nan tèt Liga a, men klèb la pèdi yon jwè enpòtan nan efektif li an, Aurelien Tchouaméni ki blese pou 2 mwa.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan yon kominike, medsen Madrilèn yo fè konnen defansè ekip la “ap soufri ak yon doulè nan pye gòch li”. Yon blese ki souvan vini tankou yon fatig pa rapò a kantite match jwè a jwe.

Defansè Real Madrid la rejwenn enfimri klèb la aprè Eder Militao, Dani Ceballos epi Thibaut Courtois.

Pa gen lontan, ansyen jwè AS Monaco a te pale nan konferans pou laprès sou kantite rankont l ap jwe yo. Jwè 24 lane a ap gen poul rejwe nan lane 2024, ki se yon gwo kou pou seleksyon fransè a ki p ap ka konte sou Aurelien Tchouaméni fas Jibralta ak Lagrès.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive