Manchester City pap anvi bay Arsenal vag

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
manchester city pap anvi bay arsenal vag

Aprè match nil ekip Arsenal la fas Brentford (1-1), yè samedi a, nan kad 23zyèm jounen Premier League la. Jodi dimanch lan, Manchester City pwofite pran 3 pwen fas ekip Aston Villa (3-1) nan Ethihad Stadium nan. Yon viktwa ki repwoche l plis ak Asrenal, leader a ki gen 3 pwen anplis li.

Gras ak Rodri, Gundogan epi Mahrez, ekip Guardiola genyen Aston Villa byen fasil nan Ethihad Stadium 3-1. Siksè sa ede yo apwoche Arsenal ki gen 3 pwen anplis yo nan tèt klasman chanpyona. Skyblues yo ki pye pou pye nan do Gunners yo.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Yon rankont ki pat difisil pou Citizens yo, paske yo te rive mennen depi nan 4yèm minit aprè Rodri te finn jwenn chemen gòl la, nan 38tyèm minit se tap pral dezyèm gòl yo ak Gundogan epi Mharez tap pral fè gòl 3-0 a nan 45kyèm minit sou penal. Manchester City te pliye premye mitan San pwoblèm.

Après poz la, jwè Guardiola yo pat fòse anyen, ekip Aston Villa te pwofite redwi mak la ak yon gòl Watkins nan 61nyèm minit. Citizens yo ranpli devwa yo epi ap tann ekip Arsenal la ak yon bon mantal pou yon match areta mèkredi 15 fevriye nan Premier League la.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive