Aprè anpil pale sou absans Neymar nan selebrasyon twofe PSG nan Ligue 1 an, aprè match fas Strasbourg a (1-1), ki te pito al swiv yon gran pri fòmil 1, brezilyen an kapab depoze valiz li nan Premier League la sezon k ap vini. Si Manchester United gentan kòmanse diskisyon yo ak PSG pou Brezilyen an, yon lòt bò, antrenè Manchester City a, Pep Guardiola ta kontakte jwè a daprè sa jounal l’Equipe fè konnen.
Sipòtè PSG yo pa vle Neymar ki blese depi mwa fevriye pase a nan ekip la ankò. Dirijan yo ap chache yon fason pou yo debarase yo ak Brezilyen an pandan mèkato ete a. Nan sans sa, City ak United se 2 klèb ki antre nan kous pou fè jwè a vini nan Premier League la.
Se pa premye fwa Manchester City montre enterè l pou jwè a. Jiyè 2022, Citizens yo te fè yon òf ak klèb fransè a daprè sa RMC Sport fè konnen. Men pri PSG te mande pou ansyen jwè Barcelone lan te anraje.
Jwè 31 lane a kontinye ap agase dirijan PSG yo. Yon siy ki montre a klè relasyon Brezilyen an ak klèb kapital Frans lan rive nan bout li. Li posib pou sezon k ap vini an Neymar evolye nan Premier League la. Yon feyton ekip Netalkole Media ap swiv pou l enfòme w.
Facebook Comments