Okay: Komisè Ronald Richemond louvri yon ankèt sou lanmò Kenia Civil la

Witson Beaujour
Par Witson Beaujour  - Rédacteur
okay komisè ronald richemond louvri yon ankèt sou lanmò kenia civil la

Komisè gouvènman Okay la, Ronald Richemond, louvri yon ankèt sou lanmò Civil Kenia ki te trepase madi 23 me 2023 a sou konsyans responsab lopital La Place yo. Jounal laprès yo, depi aprè dram lan, ki te pran dosye a ak kè, finalman ede fanmi viktim lan jwenn atansyon responsab yo nan pi wo nivo jistis peyi a.

Aprè Civil Kenia, yon jèn etidyan nan 4èm ane Syans enfimyè, te fin mouri sou chèz lopital La Place, 23 me pase a, Komisè gouvènman Okay la, Ronald Richemond, egzije yon ankèt prese prese, nan lide pou fanmi viktim lan rale yon souf. Civil Kenia pèdi lavi l pou swen li pa t ka jwenn akoz 4000 pyas paran l te manke.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Daprè premye eleman enfòmasyon yo, lopital la te egzije kòb sa pou pasyan an te jwenn oksijèn, pandan operasyon l te dwe koute 17500 goud. Paran yo ki te deja dispoze pi fò nan egzijans lopital la, malerezman pa t ka konte sou doktè yo ki swadizan gen misyon pou sove lavi moun.

Redaksyon NetAlKole Média a kontinye rete toupre dosye a jiskaske lajistis sòti ak yon rezilta legal kont deriv sa a epi ede fanmi viktim lan jwenn jistis.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.