Manifestan sakaje epi piye yon sikisal Unibank nan Leyogàn

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
manifestan sakaje epi piye yon sikisal unibank nan leyogàn

Nan okazyon mouvman pwotestasyon k ap fèt toupatou nan peyi a depi semèn pase yo, manifestan nan vil Leyogàn sakaje epi piye yon sikisal Unibank nan site Anacaona jounen lendi 19 septanm 2022 an. 

Yon gwoup manifestan ak manchèt, bout baton, wòch, elatriye, rantre pandan jounen lendi a nan yon sikisal Unibank nan site Anacaona kote yo pote ale divès materyèl yo ta twouve nan espas la. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pandan mouvman piyaj sa, manifestan sa yo ta pote ale divès materyèl biwo, chèz, òdinatè, televizyon, batri ak lòt materyèl ankò yo ta twouve nan sikisal bank sa. 

Manifestan sa yo ki pa t kanpe la, te tante piye lòt antrepriz komèsyal nan site Anacaona a pandan mouvman pwotestasyon jounen lendi a, men te bite sou rezistans ajan sekirite antrepriz sa yo kote ta gen youn nan manifestan yo ki ta sòti blese ak bal. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.