Manifestasyon sou wout Dèlma pou mande libere Ti Grèg    

Peterson Dorsainvil
ParPeterson Dorsainvil

Plizyè dizèn endividi manifeste sou wout Dèlma mèkredi 13 oktòb 2021 an pou egzije liberasyon Ernst Julmé plis moun konnen sou non « Ti Grèg ». Prezime chèf gang nan ki te baze Dèlma 95 te jwenn arestasyon l aprè yon kout filè BOID, ki s on inite espesyalize nan lapolis la, te fè jou ki te jedi 7 oktòb la, nan komin Petyonvil. 

Yon bon pati nan patizan ansyen polisye a ki t ap mache pou mande lage l yo t ak mayo blan ki te gen pawòl sa yo ladan yo :  « Liberasyon pou Greg », « Greg pa volè, pa kidnapè ».  

- Advertisement -
Ad imageAd image

N ap raple lapolis t arete Ti Grèg ansanm ak yon akolit li ki se Lubin Junior Ridge ki t ansanm avè l nan yon machin ‘‘Accura » ble san plak. Lapolis te sezi tou yon 9mm ak kèk lòt minisyon kalib 12. 

Selon pòt pawòl a.i lapolis la, Marie Michelle Verrier, Ti Grèg gen plizyè akizasyon kont li. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Follow:
Peterson Dorsainvil est journaliste, écrivain, slameur et amoureux fou des lettres. En quête de moi-même, je fais de ma plume ma boussoule dans ce monde désorienté.