Maren : yon polisye tiye epi boule 2 jenn gason sou pretèks yo se bandi 

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
maren yon polisye tiye epi boule 2 jenn gason sou pretèks yo se bandi

Kerlo Toussaint ak Kendy Laurent, se non 2 jenn gason sa a yo ki genyen 21 ak 24 lane, ki jwenn lanmò yo nan zòn Maren vandredi 7 oktòb pase a. Nou te fè yon ti bat bouch ak paran viktim yo ayè madi 11 septanm lan sou sitiyasyon an, selon sa yo di, se ta yon polisye ki boule epi tiye 2 jenn yo sou pretèks yo se manm gwoup gang.  

Sitiyasyon pou tabli sekirite an Ayiti vin pa fasil, chak jou ki pase ensekirite a vin pi enkontwolab, ajan PNH yo ki la pou fè respekte lòd epi mete sekirite nan peyi a, enplike nan divès vye zak malonèt anba titèl enstitisyon an. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Youn nan fanmi viktim yo lonje dwèt jouda li byen long sou yon ajan polis nasyonal la kòm otè sasinay sa a. 

Papa youn nan mesye yo, pou rezon sekirite li nou pa deside site non l, voye jete byen lwen akizasyon ki ta fè kwè viktim yo se manm yon asosiyasyon kriminèl. Li envite enspeksyon jeneral lapolis nasyonal la, louvri yon ankèt prese prese nan lide pou sanksyone polisye sa a. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.