Natacha Lafontant prezante nouvo mizik videyo li « Saw Wè » 

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
natacha lafontant prezante nouvo mizik videyo li saw wè 

Natacha Lafontant kontinye montre fyète li genyen pou l pouve plas li nan Endistri Mizik Ayisyen an, aprè eksplwa premye pwojè li  » Ou Fè Kèm Poze » ak Manno Farinen, Natacha finalman sekwe rezo sosyal yo ak yon nouvo tit  » Saw Wè », yon mizik ki deja videyoklipe. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Malgre konpòtman moun yo ki aktif sou entènèt la fas ak antreprenè a, swa sou aparans fizik li oubyen yon lòt, karaktè l ak anbisyon li ta vle depase vag sa a. Natacha entegre l nan HMI la, avèk anpil Konviksyon, depi aparisyon l, li nye tout kòmantè ak analiz ki fèt swa sou aparans fizik li oubyen fason li chante. Nan yon entèvyou li bay prezantatè vedèt emisyon « Sak Cho » a Guy Wewe, Natacha eksplike rezon chwa sijè nouvo mizik sa a. 

https://youtu.be/zn5vav2nZpo

Selon Natacha, se yon mizik ki dekri reyalize kritik fanm yo  ap viv akòz gwosè fizik yo, nan videyo a, atis la montre li menm kap sibi move tretman nan relasyon anmourez li akòz menm pwoblèm sa a, « Ou blese m, Ou rabese m, Ou kale m, Ou souflete m, ou minimize m, Lè w vle ou kouche m », se kèk pawòl kle mizik lan. 

Nan 4 minit 48 segond, Natacha rakonte atravè mizik sa a lesansyèl sou respè ak dwa tout fanm dwe genyen, « kèlkeswa aparans fizik ou ou merite viv byen, se pou chak gwo fanm pa desann nivo yo ba, pa janm regrèt gwosè w ni moun ou ye a». Deklare Natacha nan mikwo Guy Wewe. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.