Li fèt Jakmèl, li se fyète Jakmèl, l ap chante depi l ti kat kat, mizik pou li se te toujou yon rèv ki makonnen ak pasyon li devlope nan chak nòt k ap degaje nan vokal li.
Li renmen sa l ap fè a, sa ki pouse divès atis maskilen kou fanm parèy li pa sispann bat bravo lakontantman pou li, pou fason li ekspoze l nan biznis lan ki trè pozitif.
Nan entèvyou sa a, Martine Alexandre bay tout detay piblik la ta renmen konnen sou li, rankont li ak chantè djazz DiSip la, Gazzman Couleur epi kijan li twouve HMI la depi aparisyon l nan mouvman an.
Facebook Comments