MechansT fenk fè yon operasyon pou yon maladi ki rele Chalazyon

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
mechanst fenk fè yon operasyon pou yon maladi ki rele chalazyon

Selon sa l pibliye sou Instagram li, MechansT fenk fè yon operasyon. Depi kèk tan, li te gen yon maladi ki rele Chalazyon. Rapè a espere l ap tounen nan pa twò lontan.

Daprè foto ak mesaj MechansT poste sou kont ofisyèl Instagram li, rapè a apenn benefisye yon operasyon pou yon maladi ki rele Chalazyon. Atis la gen kèk tan depi l fè maladi sa, e li deside koupe fache avè l ane sa a.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Chalazyon, toujou selon sa rapè a fè konnen, se yon maladi estrès ak fatig pwovoke. Si n ap refere n ak definisyon medikal maladi sa, li karakterize pa yon enflamasyon k ap pran grad detanzantan nan glann lakrimal popyè a. Se moun ki gen ant 30 ak 50 lane ki prensipalman soufri maladi sila a.

Mech konfime operasyon an te byen pase. Nòmalman, lè pasyan an rive nan faz pou doktè retire Chalazyon an, se paske li pèsiste twòp. Se sa k fè atis la fè konnen li genyen l depi kèk tan. Sinon, gen Chalazyon ki pa mande tretman epi sa k pi gwo yo konprès cho konn geri yo.

Malgre li opere nan tou 2 je l, MechansT rete optimis pou patisipasyon l nan gwo konsè “Tou 9” Roody Roodboy la k ap fèt nan NH El Rancho 2 fevriye sa menm. Li kase randevou ak fanatik li yo, li menm deklare li pare.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.