Medyatè Repiblik dominikèn nan mande kominote entènasyonal la pote Ayiti sekou 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
medyatè repiblik dominikèn nan mande kominote entènasyonal la pote ayiti sekou 

Medyatè Repiblik dominikèn nan, Pablo Ulloa deklare peyi d Ayiti ap travèse yon kriz san parèy nan zafè dwa moun, « tout sa se akòz gwo nasyon yo ki pa bay sa regle anyen pou yo ». 

« Devan nou, avoka, defansè ak garan dwa yo, mwen mande kominote entènasyonal la pou vin ede Ayiti, pa paske li se yon vwazen Repiblik Dominikèn, men akòz gwo nivo vyolans ak kriminalite ki genyen la, epi ki pèmèt nou di w gen yon vyolasyon flagran dwa fondamantal nan je tout Eta yo fas ak ka sila », se sa responsab la te di nan yon kominike ki repwodui mo pou mo deklarasyon li yo. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Medyatè Repiblik dominikèn nan, an menm tan ki se prezidan Federasyon ibewo amerikèn medyatè yo, souliyen « Ayisyen yo pa jwi plizyè dwa fondamantal tankou lasante, edikasyon, manje, ak tranzit gratis, elatriye, akòz gen yon veritab batay ant gang nan peyi sa ak gouvènman ». 

Pou Ulloa – ki te nan tèt yon reyinyon divès pwokirè nan dwa ak defansè nan vil Meksiko, peyi Meksik – garanti dwa chak sitwayen se yon veritab defi paske se pa p yon batay ki fasil. 

« Ayiti se defi tout ombudsman (defansè, medyatè, pwotektè…), paske si nou pa leve vwa n pou n bay alèt sou sa, nou pral san lè inyore vyolasyon grav dwa moun nan yon popilasyon ki, ak tan k ap vini yo, pral reviv menm kalite epizòd sa a. », li te ajoute.  

N ap raple, pandan reyinyon sila, konsène yo te diskite tou sou pwoblèm migrasyon, edikasyon ak bon administrasyon.  

N ap raple dènye tan sa yo sitiyasyon Ayisyen yo k ap viv an Repiblik dominikèn pa fasil ditou – sitou sa ki pa legal yo, anplis imigrasyon an k ap chèche yo lannwit kou lajounen pou depòte yo an Ayiti epi aksè ak plizyè sèvis sosyal yo pa genyen, konpatriyòt yo ap fè fas ak divès diskriminasyon pa bò kote majorite Dominiken yo, ki konn menm atake oubyen retire lavi yo nan fason ki trajik anpil. 

Genyen plizyè Ayisyen ki viktim anba ensekirite a nan Repiblik dominikèn, malerezman pa gen okenn dispozisyon ki pran pa bò kote Ekzekitif dominiken an pou pwoteje yo. 

Mete sou sa, depi dènye avètisman li yo, prezidan dominiken an Luis Abinader te bay lòd pou ajan migrasyon yo te chase tout etranje ilegal ki sou teritwa li a, men Ayisyen yo te premye nan liy lan. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Fòs lòd dominikèn yo deja arete ak ekspilse plizyè milye konpatriyòt yo te mete lapat sou yo nan kèk zòn nan Santiago de Los Caballeros, Eli Piña, El Seibo, Bonoo, Pedernales, elatriye. Si anpil Dominiken aplodi rezolisyon sila, gen yon minorite ki toutfwa pa dakò ak tretman sila yo, ladan l nou jwenn Medyatè dominiken an Pablo Ulloa. Anpil Dominiken kritike pozisyon l. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.