Melchie Dumornay : « Foutbòl te toujou yon evidans pou mwen »

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
melchie dumornay « foutbòl te toujou yon evidans pou mwen »

Nan yon ti bout videyo ki pibliye sou rezo ofisyèl Olympique Lyonnais Féminin yo jounen 8 mas la, Melchie Dumornay pale de rapò l ak foutbòl. Li esplike jan sa te tanmen e pale de estereyotip ki gen sou fi k ap jwe foutbòl.

Vedèt foutbòl ayisyen an, Melchie Dumornay, parèt devan kamera OL nan okazyon jounen mondyal dwa fanm ak tifi a pou l pale de pasyon l pou foutbòl, yon espò ki pase anpil lane ap met fanm sou kote. Melchie ki apenn tounen nan konpetisyon, gen yon istwa lanmou ki la depi lontan ak espò wa a.

- Advertisement -
Ad imageAd image

“Foutbòl se te yon espò mwen te twouve ase lojik. Se menm jan pou lòt tifi ki konn ap jwe marèl, sote kòd, espò prefere pa m se te toujou foutbòl”, li t ap deklare anfas kamera Olympique Lyonnais.

Sa pa t fasil pou l jwenn modèl, sa k te pi difisil se jwenn tifi ki pou pratike ansanm ak li sou tèren. Sa fè fòs li jounen jodi a. “Mwen pa t vrèman gen yon moun ki te pouse m jwe foutbòl, mwen te kòmanse avèk gason, pami ti gason. Mwen ka di se youn nan rezon ki fè mwen pwogrese anpil.”

Chaje estereyotip sou fanm k ap jwe foutbòl, men yo pa atenn Melchie e yo pa kanpe l sou elan l. “Nan tout peyi, depi w se tifi w ap jwe foutbòl… mwen fè fas ak difikilte nan sans sa paske yo toujou di plas fi se nan kizin. Men sa pa t janm dekouraje m paske mwen te toujou santi m byen nan sa m t ap fè a”, li fè konnen.

Menm si paran l pa t fin dakò ak lide jwe foutbòl la pou li, yo te rive kite l swiv pasyon l. Pou kounya, l ap fè fyète yo ak sa l pi konn fè a. “Menm si manman m te konn ap kouri dèyè m pafwa li pa t twò entèdi m jwe foutbòl”, li te fini pou l di.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.