Melchie Dumornay nan lis 100 pi bon jwèz nan mond lan 

Netalkole Media
ParNetalkole Media
melchie dumornay nan lis 100 pi bon jwèz nan mond lan 

Nan yon lis medya britanik The Guardian pibliye pou l klase 100 pi bon jwèz foutbòl nan lemond, nou jwenn non Melchie Dumornay. Pepit ayisyèn nan kontinye ap fè non l toupatou. 

Se lemond antye ki rekonèt talan ak valè Melchie Daëlle Dumornay. Fanm Mibalè a toujou fè pati lis ki klase pi bon foutbolèz mond lan konnen. Li te menm fini pi bon jwèz nan kategori pa l la pou lane 2022 a. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Lis sa sòti aprè yon kolaborasyon ant The Guardian ak « The Offside Rules Podcast ». Jwèz Stade de Reims gen non l enskri nan lis sa, sa ki konfime potansyèl li e fason mond foutbòl feminen an ap tann li esploze malgre ti kal laj li genyen an. 

Tout kote Corventina pase, li toujou kite mak li. Se pi gwo talan Ayiti genyen sou sèn entènasyonal la. Li gen sèlman 19 lane. Anpil moun predi Melchie Daëlle Dumornay ap pran Balon dò feminen an kanmenm nan karyè l. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Follow:
Restez informé(e) 7 jours sur 7, 24h sur 24, des événements marquants de l’actualité haitienne et internationale.