Melchie Dumornay, pi bon jwèz D1 Arkema a pou mwa Desanm nan 

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
melchie dumornay, pi bon jwèz d1 arkema a pou mwa desanm nan 

Melchie Dumornay gen yon bèl istwa lanmou ak twofe endividyèl yo. Jodi a, pepit ayisyèn nan pran pri ki rekonpanse pi bon eleman chanpyona feminen nan peyi Lafrans, D1 Arkema a, pou mwa Desanm 2022 a. 

Melchie Dumornay pa sispann chase tit endividyèl yo. Depi lè l travèse nan peyi Lafrans pou l al fè talan l pale, yo vini pi plis toujou. Semèn sa, jwèz Stade de Reims lan jwenn tit pi bon jwèz mwa Desanm nan pou D1 Arkema a, premye divizyon foutbòl feminen nan Egzagòn nan. Se premye fwa li pran pri sa depi lè l debake an Ewòp. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pou jwèz 19 lane a te rive pran pri sa, li ranmase 65% nan vòt yo. Li te nan kous avèk koyekipyè li Kessya Bussy epi jwèz Rodez la, Laurie Cance. Melchie te enpòtan pou ekip Stade de Reims lan dènye tan sa yo e li make chanpyona a ak prestasyon l yo sou peryòd sa. Se yon twofe ki vini nan yon bon moman e li byen merite l. 

Pitit Mibalè a pa sispann trase chimen l nan pi wo nivo foutbòl feminen mondyal la genyen. Pa gen manti nan sa, sezon k ap vini se mayo youn nan pi gwo klèb feminen Corventina ap pote pou l ekri listwa l avèk kèk pi bèl chapit. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.