Memphis Depay sove Atletico Madrid fas Celta Vigo

Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel  - Rédacteur
memphis depay sudah lakoni debut bersama atletico madrid diego simeone dia bukan striker murni lanefmwf5y

Memphis Depay ki fèk rive nan ekip Atletico Madrid la bay Colchoneros yon viktwa enpòtan fas ekip Celta Vigo a (0-1), nan kad 21nyèm jounen nan Liga, jodi dimanch lan. Viktwa sa fè yo rete nan 4yèm plas klasman nan Liga.

Atletico Madrid pran yon 3 pwen enpòtan lakay Celta Vigo. Nan 89vyèm minit, ansyen jwè Barcelone nan ofri nouvo klèb li a yon viktwa nan batay, sa ki fè ekip Simeone a kenbe 4yèm plas nan kalsman Liga.

Nan yon match konplike, Colchoneros yo pat kreye anpil okazyon, ekip la te menn manke enspirasyon paske yo te pase yon bon pati nan rankont la ap defann. Gòl Depay bay la, bay antrenè Ajanten an yon souf aprè l tap tann bout gòl sa a. Bò kote Rojiblancos yo, li te difisil pou yo te make yon grenn gòl pendan yo tap atake ekip Madrid la san kanpe.

Se vre Memphis make pou ekip Atletico Madrid la, men travay Oblak fas ekip Celta Vigo a sa parèy, kote gadyen Slovèn nan retire kèk bèl boul pou Aspas, san bliye balon li retire sou liy gòl la.

Siksè sa fè Atletico Madrid kenbe 4yèm plas la nan do ekip Real Sociedad la (39 pwen). Ekip Simeone a ki elimine nan « Copa del Rey » ak tout lòt konpetisyon ewopeyen yo, dwe batay pou yon plas pou Champions League la, sezon kapab vini. Pran tit Liga parèt difisil pou yo, paske Barcelone ap domi tèt klasman ak 53 pwen.

Facebook Comments

Partagez cet article