Kanaval kominal Petyonvil lan pa p fèt pou ane sa

Jacky Chery
Par Jacky Chery  - Rédacteur
kanaval kominal petyonvil lan pa p fèt pou ane sa

Nan yon kominike pou laprès ki piblik, konsèy minisipal Petyonvil lan anonse aktivite kanaval yo nan komin lan pa p fèt pou ane sa akoz sitiyasyon jeneral peyi a ki nan yon moman kriz.

Konsèy minisipal Petyonvil lan ki gen nan tèt li Kesner Normil, adrese l ak prensipal konsène yo pou fè konnen aktivite kanaval yo nan komin lan pa p fèt ane sa akoz konjonkti global peyi an ki pa bay okenn garanti.

Daprè kominike sa, ensekirite an k ap taye banda sou prèske tout teritwa nasyonal la ak kriz plizyè dimansyon peyi a ap konnen dènye tan sa yo, se prensipal motif desizyon sa konsèy minisipal la pran an.

Meri Petyonvil, nan menm nòt sa, remèsye chak grenn moun oubyen gwoup ki te manifeste volonte pou reyalizasyon aktivite kanaval yo nan komin lan, prensipalman fòs lòd yo ki te toujou la pou sekirize aktivite sa.

Nòt pou laprès Meri Petyonvil

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.