AN KREYÒLÉDUCATION

MENFP lanse yon pwogram ratrapaj pou elèv ki afekte akoz ensekirite a

Pwoblèm ensekirite a ki pèsistan an Ayiti an se yon pwoblèm mangonmen pou elèv yo, sa ki anpeche anpil nan yo ale Lekòl jan yo ta dwe fè sa. Nan lide pou ede timoun sa yo, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) lanse yon pwogram ratrapaj pou sila yo ki afekte nan klima ensekirite a nan peyi a.

Daprè sa Minis edikasyon naysonal la, Nesmy Manigat fè konnen, nan kad pwogram ratrapaj sa a ki vize ede elèv ki afekte akòz pwoblèm ensekirite a nan peyi a, gen plis pase 2 000 pwofesè yo mobilize pou ede timoun sa yo nan plizyè matyè.

Titilè MENFP a fè konnen mezi sa a gen pou objektif repare reta nan aprantisaj elèv ki pral patisipe nan egzamen ofisyèl yo. Reta ki te koze akoz eklatman gwoup gang yo nan plizyè minisipalite nan rejyon metwopolitèn Pòtoprens lan.

“Gen plizyè Sikològ ki mobilize tou pou sipèvize elèv ki twomatize yo”, te eksplike Nesmy Manigat ki di pwogram ratrapaj sa a pral pase sou kèk estasyon radyo Ministè a pral seleksyone sòti lendi pou rive dimanch apati semèn sa a jiska fen jiyè 2023 a.

Li enpòtan pou nou note, ensekirite a ka gen anpil sous, tankou vyolans nan katye yo, konfli sosyal, oswa lòt faktè ki ka kreye yon anviwònman entimidasyon oswa danjere pou elèv yo.

Se sak fè, li esansyèl pou pran mezi pou kenbe elèv yo an sekirite pou yo ka ale lekòl epi resevwa yon edikasyon apwopriye.

Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.