MENFP-UMPS-SUMMOC bay yon santèn elèv fòmasyon nan sekouris

Wallace Elie
ParWallace Elie- Redacteur
menfp umps summoc bay yon santèn elèv fòmasyon nan sekouris

Yon santèn elèv nan lise Horatius Laventure, ki nan Delmas 75, benefisye 3 jounen fòmasyon nan kad pwogram nasyonal “Jès ki ka sove lavi” MENFP ak Umps summoc boukle ayè dimanch 29 oktòb 2023 a.

Aprè lise Petyonvil, lise Horatius Laventure se dezyèm lekòl pwogram lan touche pou ane akademik 2023-2024 la. « Seri fòmasyon sa yo se yon inisyativ @MENFP_Education nan tèt kole ak @Umpssummoc lanse pou pèmèt elèv nan 10 depatman peyi a, nan lekòl piblik kou prive, benefisye konpetans pou pote premye sekou bay moun ki gen pwoblèm sante annatandan moun lan jwenn asistans pwofesyonèl sante», se sa ministè a ekri.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Ministè edikasyon nasyonal fè konnen tou se pa sèlman nan lekòl yo fòmasyon sa yo ap ka itil, men elèv sa yo ap kapab sèvi kominote y ap evolye landan l. « Ak travay sa, nan lekòl, nan katye, nan lari ak nenpòt kote yon difikilte rive, jèn sekouris sa yo ap kapab itil pou pote premye sekou bay moun ki gen pwoblèm sante annatandan moun lan jwenn asistans pwofesyonèl sante».

 

Wallace  Elie

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Wallace Elie
Par Wallace Elie Redacteur
Follow:
Communicateur Social,journaliste. Motivation, Rigueur et écoute sont les maîtres mots de mon comportement professionnel.