Meri Pòtoprens òganize kanaval pandan moun ap dòmi nan lari akoz presyon bandi

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
meri pòtoprens òganize kanaval pandan moun ap dòmi nan lari akoz presyon bandi

Meri Pòtoprens deja pare pou ofri kanaval ane sa malgre sitiyasyon sekiritè peyi a an degraba. Yon moman kote gang ak gang pa sispann fè viktim nan katye popilè yo, kote majorite manm popilasyon sivil la andedan katye popilè yo pa gen aksè ak yon lavi miyò aprè yo fin pèdi tout byen prive yo akoz presyon ak lagè ant bandi.

Anplis ensekirite a k ap vale tèren, peyi a rekonèt tou plizyè semèn tansyon kote divès moun pa sispann foule beton an depi kèk jou pou egzije demisyon Doktè Ariel Henry kòm premye minis. Mouvman sa yo ki chita anba bandwòl yon “revolisyon”, deja lakoz plizyè moun mouri, san konte sila yo ki te blese gravman grav.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Yon jou aprè gwo deblozay seri manifestasyon yo koze, ayè samdi a, plizyè anplwaye meri Pòtoprens te sòti ak bale, pèl, bourèt, dekorasyon, epi tanmen lapwòpte pou òganizasyon jounen gra yo semèn sa, ki pote tèm ” Ann kònen lanbi, pou n rekonstwi Pòtoprens”.

Pou yon lòt fwa ankò, Pòtoprens pral danse kanaval nan yon moman kote ensekirite a debòde.

Li enpòtan pou n raple, nan kad mobilizasyon yo pou revolisyon Guy Philippe ak Moïse Jean Charles t ap pwone a, plizyè lekòl ak biznis pa t ka louvri paske tansyon an te paralize tout aktivite sa yo, èske sa ta vle di seyans mobilizasyon yo pou revolisyon an kanpe ? Oubyen se sèlman kanaval ki gen dwa fèt pandan manifestasyon yo ?

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.