Grenadye yo konnen advèsè yo pou Gold Cup 2023

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
grenadye yo konnen advèsè yo pou gold cup 2023

Aprè kalifikasyon Ayiti pou Gold Cup la, ekip Pierre Jean Jacques la konnen advèsè l ap gen pou l afwonte nan konpetisyon an k ap fèt nan peyi Etazini ak Kanada. Ayiti tonbe nan menm gwoup ak Meksik – Kata – Ondiras, ki se gwoup B a. Gold Cup la ap fèt nan dat sa : vandredi 16 jen pou rive 16 jiyè 2023.

Seleksyon nasyonal foutbòl ayisyen an, bò kote mesye yo, konnen ekip y ap jwe nan faz gwoup pou Gold Cup 2023. Ayiti pataje menn gwoup ak youn nan finalis dènyè edisyon tounwa (Meksik), epi Ondiras ak Kata, ki se envite nan konpetisyon an pou edisyon sa.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Tiraj Gold Cup la parèt nan avantaj Grenadye yo, koyekipye Duckens Nazon yo gen pou yo leve nivo a fas ekip Meksik la, Ondiras ak Kata nan match match faz gwoup yo.

Meksik ki se yon advèsè, ki toujou bay Ayiti anpil pwoblèm, pral mete ekip Pierre Jean Jacques la an difikilte, fas Ondiras Ayiti kapab mezire fòs li, menn kad figi a kont Kata, ki sot patisipe nan Mondyal 2022 a. Ak kantite talan ak jwè Ayiti genyen k ap evolye an Ewop, Grenadye yo kapab fè yon bon Gold Cup 2023. Sa ki enpòtan, fòk preparasyon yo ak mantalite ekip la pare pou konpetisyon an.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive