Messi depase 100 gòl ak seleksyon ajantin nan

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
messi depase 100 gòl ak seleksyon ajantin nan

Nan kad match zanmitay pou dènyè jounen FIFA pou kòmansman ale 2023, yè madi swa, ekip Ajantin lan korije Curaçao (7-0), Chanpyon Mondyal 2022 yo te san pitye pou advèsè yo a. Star Ajantin nan, Messi fè 3 gòl epi depase 100 gòl sou mayo Albicelsete a, aprè l te fin fè 800tyèm gòl nan karyè li fas Panama. Nimewo 30 PSG a sakaje jwè Curaçao yo.

Ak 35 lane, Messi depase 100 gòl sou mayo ekip Ajantin nan, yè madi swa li rive fè 100tyèm, 101nyèm ak 102zyèm gòl li epi ede ekip li genyen Curaçao 7-0. Yon pefòmans ki vini aprè Messi te fin reyalize premye gòl li ak 18 lane sèlman fas Hongri, 17 Dawou 2005.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nouvo jwè FIFA the Best la, te rive nan 50 gòl nan lane 2016, lè Ajantin te genyen ekip Bolivie a nan rankont sa. Messi kite byen lwen lòt jwè nan klasman bitè pou Ajantin, Gabriel Batistuta (54 gòl) ak Sergio Arguero (41 gòl). Mete kantite gòl 2 jwè sa yo, yo p ap rive jwenn Messi. Sa Pulga akonpli nan jwèt sa, enkwayab!

Aprè 3 gòl sa yo, Messi vin 3zyèm jwè nan istwa foutbòl la ki depase 100 gòl ak seleksyon li, devan Iranyen an Ali Daei (109 gòl), Cristiano Ronaldo, rival li ki genyen tèt klasman ak 122 gòl.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive