Messi fè konnen li pa kwè l ap jwe mondyal 2026 la

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
messi fè konnen li pa kwè l ap jwe mondyal 2026 la

Sipèsta ajantin lan ki nan peyi Lachin ak seleksyon peyi l pou 2 match zanmitay fas Ostrali ak Endonezi avan faz eliminatwa mondyal 2026 lan fè konnen nan yon entèvyou li bay “Titan Sport”, yon televizyon chinwa, li pa panse l ap patisipe nan Koup Dimond 2026 lan nan peyi Etazini – Meksik – Kanada. Li te tou pwofite fè lwanj Guardiola.

Kapitèn Albiceleste a ki nan peyi Lachin bay yon interview ak “Titan Sport”, kote l deklare : “M sot patisipe nan dènyè mondyal mwen, m pa konn sa ki ka pase, men m pa panse patisipe nan mondyal 2026 lan. M ta renmen la pou m ap gade, men m pa kwè m ap patisipe. Se deklarasyon nouvo jwè Inter Miami an».

- Advertisement -
Ad imageAd image

Messi te tou pwofite voye yon kout chapo bay Pep Guardiola pou siksè li nan Lig dè Chanpyon an kote l avanse pou l di : ” Pep Guardiola, aprè tit sa, montre li se meyè antrenè nan mond lan”.

Ajantin k ap gen pou twoke kòn li nan match zanmitay fas Ostrali nan vil Pekin jedi k ap vini an, epi kèk jou aprè, lendi 19 jen, champyon mondyal 2022 yo ap jwe fas Endonezi nan Jakarta.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive