Messi ki nan Ajantin nan, pa menn Messi ki nan PSG a

Gabriel Emmanuel
Par
Gabriel Emmanuel
Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive
- Rédacteur
messi ki nan ajantin nan, pa menn messi ki nan psg a

Pou sezon sa Lionel Messi mete tout moun dakò li se youn nan jwè, fanatik foutbòl pap janm bliye. Ak ekip Ajantin lan , li rive pran grenn tit ki te manke nan palmarès li, ki se yon Mondyal epi make anpil gòl pou Albicelsete yo. Sependan, Pulga nan PSG gen anpil difikilte pou l ede klèb kapital la pran Champions League aprè 2 sezon.

Messi k ap pote Ajantin nan somè foutbòl la, gen anpil difikilte pou l fè bonè PSG, ki ap chache yon tit nan Champions League la depi kèk sezon. Pou sezon sa, ansyen jwè Barcelone nan gen 2 estatistik diferan pou seleksyon an ak klèb li.

Depi lè sezon 2022-2023 a kòmanse, Messi fè 16 gòl pou 12 match li jwe sou mayo Ble-blan, sa ki ba li yon ratyo 1,3 gòl pou chak match. Yon lòt bò, jwè ki pran Balon dò a 7 fwa, fè 18 gòl pou 32 match li jwè sezon sa pou PSG.

Anpil fanatik PSG kritike Messi pou pefòmans li ak konpòtman l, yo menn rive rele chalbare deyè l aprè klèb la te fin elimine nan Champions League la fas Bayern Munich.

- Advertisement -
Ad image

Chanpyon Mondyal 2022 a, pa montre anvi ak enterè l pou l ta pwolonje nan ekip PSG. »ESPN » fè konnen li menn anvi retounen nan FC Barcelone pou sezon kap vini. Nan mwa Jen, kontra messi ap bout ak PSG.

Stay connected with NetAlKole

Partager cet article
Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive