Atak gang kont Vivy Mitchell: Lapolis di yo reprann kontwòl sitiyasyon an

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
atak gang kont vivy mitchell lapolis di yo reprann kontwòl sitiyasyon an

Jodi jedi 30 mas 2023 a, zòn Vivy Mitchell te fè fas ak gwo tansyon pandan jounen an. Men sepandan, nan yon nòt ki pibliye nan fen jounen an Lapolis Nasyonal Dayiti fè konnen yo reprann kontwòl sitiyasyon an nan zòn Vivy Mitchell.

Vrèman vre, Bandi ak gwo zam fann fwa te fè ravaj nan zòn Les Palmes, boule kay ak machin. Sitiyasyon sa ki te pouse Inite Lapolis Nasyonal yo te oblije fè yon operasyon apre yon alèt Sant Ransèyman ak Operasyon te bay.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Se ki te pouse lapolis te reyaji byen vit epi te reprann kontwòl sitiyasyon an nan entèvansyon sila a.

Mete sou sa, enstitisyon polisyè a fè konnen yo te deplwaye plizyè inite sou plas pou amelyore sitiyasyon an, sekirize zòn nan epi pwoteje sivil yo ki abite nan zòn sa a.

PNH la asire tou ekip machin lou enstitisyon lapolis la ap travay di pou fasilite sikilasyon an, sitou nan demoli barikad bandi yo te monteyo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.