Anpil medya ap anonse Messi nan FC Barcelone pou sezon k ap vini an, yon transfè ki depase mwayen Catalan yo, ki pap ka pèmèt yo jere salè jwè a. Daprè jounal « LEquipe » Ajanten an ta mande klèb kapital fransè a, plis pase 37 milyon ewo pou yon ane. Sa ki montre a klè pozisyon, Prezidan Liga, Javier Tebas ki pa rete kwè transfè Messi a posib.
Messi mete dirijan PSG yo nan reflechi, ansyen jwè Barcelone nan mande klèb la pou yo ta voye je gade salè li nan ekip la, pou yo ta peye l plis pase 37 milyon ewo pou yon ane, pendan li se 3zyèm jwè nan do Neymar ak Mbappé kap pi byen touche nan klèb la.
PSG ki poko reponn ak demand Champyon Mondyal 2022 a, pa vreman montre enterè pou Messi rete paske yo estime li pa enplike l ase pou ekip la. Yon lòt bò, tout fanatik Barcelone yo pa sispann chante non Pulga, yon siy pou yo mande dirijan yo fè l tounen malgre koze fair-play finansyè a ap plane sou Blaugrana yo. Se rèv Barcelone pou wè Messi mete fen nan karyèl sou mayo Catalan an.
Yon lòt bò, jounal « Le Parisien » fè konnen, papa jwè a estime Messi merite plis kòb sitou ak tit Champyon Mondyal li genyen an, li pa ta sipoze ap touche menm kòb la. Kesyon anpil fanatik foutbòl ap poze Messi ap rete Oubyen li prale ?
Facebook Comments