Messi mande retounen nan FC Barcelone

Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel  - Rédacteur
messi mande retounen nan fc barcelone

Kontra Messi kap bout ak PSG nan fen sezon an (30 jen), fè anpil klèb ap mache deyè l. Ajanten an ki poko vle pwolonje ak PSG, konte retounen nan FC Barcelone. Papa li, Jorge Messi, ki se ajan Messi, nan pou pale ak prezidan Barcelone nan, Joan Laporta, pou kapab negosye retou Chanpyon Mondyal 2022 a nan klèb Catalan.

Daprè enfomasyon « Catalunya Radio » jwè 35 lane a prè pou retounen nan ekip Barcelone nan pou sezon kap vini an. Yon transfè ki posib pou fen sezon an paske kontra jwè a, ap fini fen sezon an ak PSG.

Pi lwen, enfomasyon yo fè konnen Messi menn an kontak ak Xavi Hernandez, pou l kapab retounen nan klèb la, yon posibilite aktyèl antrenè Blaugrana a pa ekate, se tout ekip la ki swete wè Messi pou yon lòt fwa ak mayo ekip Barcelone nan.

Yon lòt bò, Barcelone kapab gen difikilte pou li pèmèt retou nimewo 30 PSG a nan ekip la, pou rezon fair-play finansyè. Ki donk dirijan Barcelone yo dwe jwenn kèk bon estrateji pou yo kapab jere salè Ajanten an. Konsa tou, jwè ki pran Balon a 7 fwa ka deside bese salè li pou li fasilite ekip la fè kontra. Yon desizyon ki ap fè bonè fanatik Barcelone yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article