Militè lame Dayiti ki te nan fòmasyon  Meksik yo retounen nan peyi a 

Par
Jacky Chery
Rédacteur
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.
- Rédacteur
militè lame dayiti ki te nan fòmasyon  meksik yo retounen nan peyi a 

Nan okazyon selebrasyon 219èm anivèsè batay Vètyè a, gwoup 150 militè ayisyen ki te nan fòmasyon nan peyi Meksik depi kòmansman mwa oktòb la rantre nan peyi a pandan jounen 18 novanm lan. Minis defans lan, Enold Joseph, ak kèk kad nan FAD’H la te vin resevwa yo. 

Nan yon avyon militè ki pou lame peyi Meksik, 150 sòlda ayisyen ki te nan fòmasyon depi 8 oktòb pase a pou kapab fè pati yon inite Gad nasyonal nan FAD’H la retounen nan peyi a aprè yon mwa kèk jou ap fòme sou teritwa meksiken an. 

Militè sa yo ki te sipoze rantre jounen samdi 19 novanm lan, te oblije rantre avan lè pou kapab patisipe nan selebrasyon jounen 18 novanm lan ki make 219 lane depi viktwa lame endijèn lan sou fòs militè Lafrans lan nan lane 1803. 

Sou tamak Ayopò entènasyonal Tousen Louvèti a, Minis defans lan, Enold Joseph, swete bon retou ak mesye dam sa yo e felisite yo pou konpòtman yo te afiche pandan fòmasyon sa, daprè sa minis lan di li resevwa kòm rapò. 

- Advertisement -
Ad image

Nan ti pale minis defans lan te genyen ak sòlda yo, Doktè Enold Joseph raple ak chak grenn militè sa yo peyi a konte sou yo, e yo gen responsablite pou retire Ayiti nan sitiyasyon difisil li ye jounen jodia. 

Stay connected with NetAlKole

Partager cet article
Rédacteur
Suivre
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.