Minis Kilti ak Kominikasyon an, Emmelie Prophète Milcé, akonpaye ak Direktè Jeneral Ministè Kilti ak Kominikasyon an (MCC) epi pwomotè Berthony Raphaël, te vizite ayè jedi 27 oktòb 2022 a, fanmi atis Michaël Benjamin (MIKABEN) ki te mouri 15 oktòb pase a nan vil Pari.
Minis Kilti ak Kominikasyon an te pwofite prezante kondoleyans Chèf Gouvènman an, Doktè Ariel Henry ak tout manm gouvènman an, bay fanmi Benjamen epi li te diskite avèk li sou omaj MCC prevwa ofri ak jenn defen an, pandan li anonse prezans plizyè atis deja konfime, nan sousi pou rann omaj sa a òdinè, divès mizisyen ak pwomotè deja pote soutyen pa, toujou daprè minis lan.
Fanmi defen pwotektè bikolò a swete seremoni sa a fèt aprè antèman chantè a, k ap gen pou dewoule 6 novanm 2022 nan Eta Florid. Toutfwa mès ki prevwa chante an Ayiti nan memwa li a se pou 12 novanm 2022.
‘’Dat omaj la pral byento kominike bay piblik la an jeneral’’ Konfime nimewo 1 MCC a. Titilè ministè a ta dwe asiste ak tout antèman chantè a nan dat 6 novanm lan. Li anonse tou l ap nan tèt yon delegasyon k ap genyen ladan l Direktè Jeneral Kominikasyon MCC a, Calvin Cadet, atis Darline Desca, Joseph Zenny Junior (Ti Joe) ak Roody Pétuel Dauphin (Roody Rood Boy).
Facebook Comments