Minis Touris la rankontre nouvo Komisè ki nan tèt POLITOUR la 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
minis touris la rankontre nouvo komisè ki nan tèt politour la 

Minis Touris la, Luz Kurta Cassandra François rankontre ayè 4 janvye 2023 a nouvo responsab Polis Touristik la, Komisè Prensipal Corvil Emmanuel, ki fenk enstale nan tèt kò sila. Konsa tou li te echanje lapawòl ak enspektè Joany Canéus. 

Sou rezo sosyal li yo, pami yo Twitter ak Facebook, Ministè Touris la enfòme chita pale yo te santre sou nesesite ki genyen pou rann POLITOUR la dinamik ankò, li menm ki gen kòm premye misyon “rasire vizitè yo an sekirite nan destinasyon yo nan zafè sekirite nan nivo enfrastrikti touristik yo”. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Ministè a raple POLITOUR te kreye nan septanm lane 2013, e li gen pou misyon – anplis asire pwoteksyon ak sekirite vizitè nasyonal ak etranje yo nan kèk kote tankou ayopò, otèl, plaj restoran, sit touristik yo ak lòt – konstwi tou yon anviwònman ki an sekirite ak konfyan ; mennen ankèt lè sa nesesè sitou lè touris yo viktim oubyen enplike nan yon bagay. 

Toutfwa n ap raple malgre inisyativ sila yo, sektè touris la ajenou an rezon ensekirite a k ap vale teren nan peyi d Ayiti depi plizyè lane, epi akòz kriz sosyopolitik la ki sòti pa bò kote rejim anplas la ak opozisyon an k ap goumen pou pouvwa a. 

Men pi gwo frap sektè sila pran se pa bò kote zak banditis yo ki pa epanye pèsòn. Kidnapin, asasina, vòl ak vyòl elatriye, se tout sa yo yon moun ki an Ayiti ap konfwonte chak jou, kidonk menm vizitè pa epanye anba malfektè yo. Pou kounya pòt peyi d Ayiti fèmen ak rès mond lan akòz sitiyasyon an pa pwopis pou moun rantre, sitou plizyè peyi nan mond lan deja entèdi sitwayen yo voyaje la pou yo pa viktim anba zak vyolans bandi ap poze, malerezman jiskaprezan pèsòn paka bare wout yo. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.