Kòm sejou nwèl yo konsidere kòm moman fèt ak jwa, se tou yon moman kote plis moun anvi pran plèzi lachè, plizyè etid montre mwa desanm se mwa ki kale anvi plimen kay tout moun, non sèlman kontèks jou ferye Nwèl yo ka jenere dezi pou w pran lang, li ka menm fè w anvi fè pitit. Sa vle di tout moun an jeneral anvi fè bagay nan tan Nwèl.
Wi wi, se menm lasyans ki di sa. Daprè yon etid ki te pibliye nan “Scientifique Report” nan lane 2017, plis moun toujou anvi karese epi fè bagay nan peryòd fèt nwèl, se youn nan mwa tou plis jenn fanm tonbe ansent, yo menm fè konnen rechèch sou Google ak tweet ki gen rapò ak sèks, ogmante kou pate cho sou nèt la pandan peryòd sa a, sitou nan peyi Mizilman yo…
Pou fini ak rechèch yo, ekip ekspè yo nan matyè a ki fè pati gwoup “Indiana University” ak “Gulbenkian Institute of Sciences” nan peyi Pòtigal egzamine done Google Trends yo soti ant 2004 a 2014, done Twitter yo soti ant 2010 a 2014 nan prèske 130 peyi. “Enterè sa a nan sèks asosye ak emosyon espesifik, karakteristik, sitou nan gwo selebrasyon kiltirèl ak relijye yo,” konsa yo te konkli.
Toutfwa, pale de enterè pa nesesèman vle di aji. Yon lòt etid ki te pibliye nan “Journal of the Royal Society of Medicine” te jwenn fwa sa a ” yon lavant kapòt” nan semèn fèt Nwèl la, sitou nan peyi Angletè ak Peyi Gal. Sa ki montre ak klè semèn nwèl yo se moman chalè plimen, dapè done ki soti nan London Rubber Company, ansyen konpayi ki te konn vann kapòt mak Durex yo.
Nan yon dirèks videyo li t ap fè ayè mèkredi a, sèksològ alafwa sikològ Sébastien Garnero dechifre pou nou rezon ki fè anvi koupe a miltipliye pandan dat selebrasyon fèt nwèl yo konsa. “Nwèl se yon tan pou w selebre epi asiste ak reyinyon, se yon parantèz ak lavi sosyal abityèl pou retire enkyetid, nan sousi pou pèmèt tout moun viv moman prezan yo” li eksplike tou “Moun ki ansanm yo, youn vin pi prè lòt pandan tan sa yo, yo rekonekte youn ak lòt, sa ki fasil konn rann yo anvi delache yo seksyèlman”.
Li te ensiste sou kèk nosyon tankou ; Pandan nwèl yo nwit lan pi long pase jounen an, fredi a fè w santi w anvi viv yon sèten entimite ak patnè w la, alkòl pandan moman sa yo ede anvi an plis toujou, lòt bagay ankò, li raple se nan kòmansman mwa a festivite flanbe a kòmanse.