Ministè edikasyon nasyonal ak patnè l yo mobilize pou repriz aktivite lekòl yo 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
ministè edikasyon nasyonal ak patnè l yo mobilize pou repriz aktivite lekòl yo

Nan yon vizyokonferans ant Ministè edikasyon nasyonal, manm nan kominote edikatif la, divès aktè nasyonal kou entènasyonal, t ap reflechi sou edikasyon nan sitiyasyon ijans, aksyon ki deja lanse ak sa ki dwe fèt pou aktivite lekòl yo kapab reprann nan peyi a. 

Reyinyon sa ki te gen plis pase yon santèn patisipan, tout nèt eksprime volonte ak detèminasyon yo pou repriz global aktivite lekòl nan peyi a. Toutfwa, fas ak fenomèn ensekirite a, yo mande Leta pran responsablite l nan lide pou fasilite aktivite eskolè yo reprann nòmalman. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pou Minis edikasyon nasyonal la, Nesmy Manigat, ki t ap prezide reyinyon sa, gen yon doub ijans ki dwe adrese pou repriz aktivite eskolè yo kapab fèt sou tout teritwa nasyonal la. Minis lan mansyone fonksyonman lekòl yo ak pwoteksyon batiman lekòl yo an referans ak dènye evènman ki te sible etablisman eskolè yo. 

Nan plan k ap mete sou pye pou repriz aktivite lekòl yo, gen aksyon ki prevwa fèt atravè Fon nasyonal edikasyon (FNE), lòt fon nan trezò piblik la, san konte patnè teknik ak finansye yo, pou kapab mete an plas kantin eskolè, ak tout lòt soutyen lekòl yo ap bezwen pou fonksyone. 

N ap mansyone prezans Bruno Maes, Reprezantan UNICEF nan peyi a, ki te pami patisipan yo kote nan bò pa l pwomèt soutyen l ak tout inisyativ sa yo k ap pran pou lekòl yo kapab rekòmanse fonksyone sou teritwa nasyonal la. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.