Menm jan pèp la reziye l pou l viv nan mitan fatra ki genyen nan lari a, se konsa konsomatè yo reziye yo pou achte galon gaz nan lari byen chè depi kèk tan.
Nou sou plizyè mwa, pou n pa di lane, depi zafè disponiblite gaz la tounen yon veritab tèt chaje sou teritwa a : ponp yo derefize vann sila ki genyen veyikil yo gaz jan sa dwe fèt, yo priyorize moun ki gen resipyan yo ak sila k ap vann atè nan lari yo, paske se la kòb la ye!
Si lontan Ministè Komès ak endistri (MCI), ki gen nan tèt li M. Ricardin Saint-Jean, te konn pran lari lontan pou sezi gaz atè nan lari ak fè lapolis arete tout moun k ap fè mache nwa avèk pwodwi sila, pami yo anplwaye ak responsab ponp yo – jounen jodi a, li pa bay pyès moun regle anyen pou li. Pa janm gen okenn nòt avètisman ki kont komès ilegal gaz la.
Rate gaz la vin pi kouran, alòske se pa gaz ki pa genyen. Biwo Monetizasyon Pwogram Èd pou Devlopman (BMPAD) souvan anonse arive nouvo kagezon nan tèminal Varreux ki chita kò l nan komin Site Solèy, men sa pa anpeche TOUJOU PA GEN GAZ!
Kote w pa p (paka) jwenn gaz anba ponp pou achte, w ap jwenn li atè sòti mil goud galon an aktyèlman pou rive 2 mil pou pi piti depandaman de jan kriz la ye, paske te rive yon lè ti galon gaz te menm koute 4 mil goud omwen nan kèk zòn peyi a.
Facebook Comments