Mouvman bwa kale a rive nan kèk vil provens, pou konbat bandi

Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice  - Rédacteur
mouvman bwa kale a rive nan kèk vil provens, pou konbat bandi

Popilasyon Ayisyèn nan, espesyalman nan zòn metwopolitèn Pòtoprens la te lanse yon mouvman ki rele  » bwa kale » nan lide pou yo kapab konbat bandi ak zam yo nan peyi a ki vle pran plis teritwa. Sepandan, mouvman sila a, pa selman rete nan Kapital peyi a, li rive nan vil pwovens yo tou.

Apre zòn metwopolitèn Pòtoprens la, lachas bandi yo te rive nan lòt katye nan vil pwovens yo tou. Ayè jedi a, nan Latibonit, Lapolis Nasyonal d Ayiti akonpaye ak popilasyon an, te anvayi « katye jeneral » gang « kokorat San Ras » nan Lestè. Kote yo boule epi detwi kay bandi ki te abite nan katye sa yo.

Vrèman vre, pandan operasyon sila a, bandi yo te kouri met deyò, Lapolis te sezi minisyon yo . Plizyè sak siman gang sa a yo te vòlè te tounen al jwenn mèt yo.

N ap raple, depi kòmansman semèn lendi a, Popilasyon Ayisyèn nan te leve ak yon santiman revòlt kote yo te tiye, boule plizyè sivil ame, epi abandone kek kadav swadizan bandi sa yo nan kèk zòn nan Kapital peyi a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.