Mondyal 2022 : Angletè wonfle Senegal e kaliyfe pou 1/4 final 

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
mondyal 2022 angletè wonfle senegal e kaliyfe pou 14 final 

Senegal pa rive lwen nan uityèm final yo, jwè Aliou Cissé yo tombe fò fas yon solid ekip anglè (0-3), jodi dimanch lan. San Sadio Mané Senegal pale ale lwen non mondyal peyi Qatar ap òganize a. Three Lions yo pral jwe 1/4 final fas ekip Lafrans. 

Anglè yo imilye ekip Senegal la (3-0) ak twa bitè diferan: J. Handerson (38′), H. Kane (48′), Saka (59′). Jwè Aliou Cissé yo pa rive reziste fas ak pil atakan anglè yo.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Ekip Senegal sa te bay anpil dout aprè Sadio Mané te finn blese a, yo te pèdi premye match yo fas ekip Pays-Bas  (0-2), aprè yo ta pral bat ekip k ap òganize tounwa (2-0), epi fas Équateur yo te montre yo solid pou yo te rache kaliikasyon yo pou sekon tou konpetisyon an.  

Pou ¼ final la ekip Angletè a ak rankontre Lafrans, ki te kraze ekip Pologne nan (3-1). Bagay serye yo pral komanse. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive