Mondyal 2022: te gen koken ak magouy nan match mondyal yo?

Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel  - Rédacteur
mondyal 2022 te gen koken ak magouy nan match mondyal yo

Aprè ekip Ajantin nan finn champyon Mondyal 2022 a sou Lafrans, 18 desann ki sot pase a, anpil moun fè konnen te gen koken ak magouy ki fèt nan match yo, e menn kwè FIFA te bay Ajentin yon kout pous pou l te ka champyon. Aprè tout pale anpil sa yo, FIFA deside soti nan silans li.

Se preske nan tout kote nan mond lan pale anpil sa ye, kòm kwa Mondyal 2022 a ta gen gwo koken ak magouy ki fèt nan rankont yo. Si Ajantin ak Messi champyon se paske FIFA te ede yo. FIFA deside soti yon kominike  jodi samedi a pou l bay repons ak rimè sa yo

Se sou sit FIFA, nou kapab wè esplikasyon sou koze match ki te genyen nan Mondyal la. Kote FIFA anonse ekip siveyans lan te travay anpil e yo pa rive jwenn okenn pwoblèm ki ta montre te koken oubyen magouy nan 64 match ki te jwe nan Mondial 2022 a.

Pi lwen FIFA fè  konnen y ap kontinye travay pou yo ka pwoteje konpetisyon kap vini yo. Y ap kòmanse fè sa nan Mondyal kap fèt pou fanm yo an 2023.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article