Moun ap mouri an silans nan Site Solèy

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
moun ap mouri an silans nan site solèy

Batay gang yo pou pran plis teritwa ap rapouswiv nan pi gwo bidonvil peyi a ak Karayib la, Site Solèy. Anplis pwoblèm sanitè san parèy komin sila a ap viv depi plis pase yon ventèn ane, sitou pandan dènye sa ki pase yo, l ap fè fas ak yon kriz sekiritè ki fè anpil viktim.

Pa gen yon jou ki pase pou batay ki genyen ant gang yo nan Site Solèy pa fè viktim. Ant mò, blese, agrese ak deplase, lis viktim yo pa sèlman long, men li bay anpil enkyetid.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Bandi G9 yo ki gen pou chèf, ansyen polisye Jimmy Cherizier alyas “Babekyou” ak sila ki fè pati G-Pèp yo ki anba lòd Ti Gabriel, ap twoke kout zam tout lasent jounen. E gè ki genyen ant de kan yo pa previzib, se youn nan rezon popilasyon sivil la toujou sòti viktim.

Wi, majorite moun ki mouri nan batay gang yo nan “Site” a se sanzatann. Modòd la senp: katouch deklanche, moun pete kouri, moun pran bal, sa ki kapab va sove po yo. Kriminèl yo menm p ap epanye pèsòn depi w sòti nan katye kan anfas la.

N ap raple, biwo kwòdinasyon Afè etranje yo (OCHA) ki anba titèl Nasyonzini te fè konnen nan jou pase yo, sòti 14 pou rive 19 avril, batay ki gen ant gang yo nan Site Solèy lan gentan koute lavi ak 70 moun, epi yon karantèn blese nan popilasyon an. Jounen jodi a bilan sila a pi lou, e majorite viktim yo se akòz bal mawon, avèk moun ki aje ki paka deplase nan zòn konfli yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.