Sen Mak : Bandi asasinen Marc Edwing Fanord aprè yon tantativ kidnapin

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
sen mak bandi asasinen marc edwing fanord aprè yon tantativ kidnapin

Endividi yo idantifye kòm manm aktif baz “Grand Grif” asasinen Marc Edwing Fanord, chofè yon otèl nan vil Sen Mak. Ensidan sila a pase byen ta nan sware samdi 6 me a daprè konfimasyon sous nou yo nan premye seksyon kominal ti rivyè Latibonit.

Malgre yon bon silans nan zafè kidnapin nan peyi a pandan mouvman “Bwa Kale” popilasyon an lanse depi 24 avril pase a nan tèt kole ak operasyon PNH yo, malfra yo kontinye ap fè dappiyanp yo an kachèt nan kè vil Pòtoprens ak vil pwovens yo. Endividi mal entansyone mete yon bout ak lavi Marc Edwing Fanord ki se chofè yon otèl nan vil Sen Mak pandan yon tantativ kidnapin.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Endividi yo ki komèt zak sa rale zam sou viktim lan, yo bal presyon pou ale ak li. « Se pandan Edwing ap fè fòs ak nèg yo, epi yo gaye bal sou li», pawòl sous nou an nan yon konvèzasyon redaksyon an te genyen ak li sou WhatsApp.

Akòz li te refize, manm baz “Gran Grif” yo krible l ak bal. Yo egzekite viktim lan sou wout nasyonal nimewo 1 an, nan kafou Lavil.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.