Mwatye nan blennde Ayiti te kòmande yo toujou poko ka rive nan peyi a

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
mwatye nan blennde ayiti te kòmande yo toujou poko ka rive nan peyi a

Yon lane aprè gouvènman ayisyen an te kòmande 18 blennde nan men konpayi fabrikasyon kanadyen INKAS pou fè fas ak gwoup ame yo, genyen sèlman 9 ki rive nan peyi a deja kote rès yo ta dwe tann yon ti tan ankò avan pou yo livre.

Aprè pale anpil ki te fèt sou dosye livrezon materyèl sa yo ki pa t janm ka fèt depi peryòd kòmand lan te plase an 2022, konpayi kanadyen an te deja voye yon premye lo 6 blennde nan fen ane ki sot pase an an avèk 3 lòt lame kanadyen an te mennen vini aprè.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pou ane 2023 sa, okenn livrezon toujou poko ka fèt avèk 9 lòt blennde sa yo ki nan men INKAS, konpayi ki gen kontra fabrikasyon materyèl sa yo. Daprè konpayi an, yon pati nan blennde sa yo ta dwe rive nan mwa me ak jen k ap vini la.

N ap raple, materyèl sa yo te deja prevwa livre depi mwa mas ki sot pase a ak pandan mwa avril sa. Yon dat ki ta pral avanse akoz difikilte pou jwenn yon seri pyès pou fabrikasyon materyèl sa yo daprè Eugène Gerstein, youn nan responsab konpayi INKAS yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.