» Mwen egoyis  » nouvo videyo Mr Pass ak Scandy ankouraje fidelite

Soph-Edson Vladjemmy Jean Baptiste
ParSoph-Edson Vladjemmy Jean Baptiste- Rédacteur
mwen egoyis nouvo mizik mr pass ak scandy ankouraje fidelite

Mr Pass ak Scandy, 2 jèn atis ki pa kache relasyon yo,  yon mizik  ki sòti depi novanm 2022, ki pat ko gen videyo,  sòti jodi 17 mas la videyo »Mwen Egoyis  » yon mizik ki preche fidelite nan koup yo .

Mizik sa rakonte istwa 2 moun ki renmen k ap eseye konbat ak lavi malgre gwo òf y ap resevwa nan men moun ki gen mwayen. Vwa  » Ann fel pa dèyè » yo sòti nouvo  videyo Alfamega pwodui ki dire 6 minit ak 20 segond. Nan « mwen egoyis « , 2 jèn atis yo preche fidelite nan relasyon yo malgre pwoblèm yo ka fè fas ak lavi a.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan mwens pase 24 èd tan entènot yo gentan gadel plis pase 126 mil fwa, sa ki petèt pwouve mizik la gentan rive sou piblik la.

Yon nouvo tit anplis nan diskografi atis yo ki depi lè yo parèt nan milye mizikal ayisyen an, pa sispann pwopoze piblik la yon seri tèks ki diferan .

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Follow:
Etudiant en Sciences Juridiques Journaliste-rédacteur passionné de musique et de média