Nagelsman kapab debake nan Tottenham aprè revokasyon li nan Bayern

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
nagelsman kapab debake nan tottenham aprè revokasyon li nan bayern

Aprè dirijan Bayern Munich yo fin anonse depa Nagelsman nan tèt ekip Bayern nan, jodi vandredi a, anpil klèb an Ewop gentan montre yo enterese ak antrenè Almann. Yon klèb nan Premier League la, Tottenham gentan montre enterè l pou Negelsmam, ki san klèb.

Aprè Bayern Munich fin anonse Thomas Tuchel kòm ranplasan Negelsman, yon nouvèl ki parèt chokan, paske antrenè 35 lane a, t ap byen jere kleb Bavarois a. Bayern ki 2zyèm nan Bundesliga epi ki kalifye pou kade final nan Champions League, aprè yo te fin retire PSG (3-0) Sou 2 match. Antrenè Almann kapab depoze valiz li nan Premier League la.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Daprè « London Evening Standard » taktisyen Almann kapap rejwen Spurs yo, klèb anglè ki te montre yo enterese ak li depi lè Mourinho te nan tèt ekip la. Dirijan Tottenham yo k ap tann Bayern rann enfomasyon an ofisyèl pou yo ka kòmanse negosiyasyon ak antrenè a, menn li lè anyen poko di sou dosye sa.

Yon lòt bò, tout bagay poko fin klè paske Nagelsman poko resevwa okenn pwopozisyon, antrenè a k ap tann lòt klèb ki enterese ak li pou l kapab deside.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive