Nan Fermathe, popilasyon an defèt yon kidnapin epi touye youn nan kidnapè yo

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
nan fermathe, popilasyon an defèt yon kidnapin epi touye youn nan kidnapè yo (1)

Popilasyon an nan zòn Fermathe kalonnen ak wòch epi mete manchèt sou yon endividi yo ta idantifye kòm yon kidnapè ayè 30 Mas 2023 a. Sa rive nan moman zòn sila ap fè fas ak yon ensekirite san parèy an rezo gang k ap bat pou tabli kò yo la an pèmanans.

Nan komin Kenskoff, pi presizeman nan lokalite Fermathe, divès manm nan popilasyon an touye yon nonm idantite l pa revele. Sa rive, daprè temwanyaj moun nan zòn nan, aprè yon tantativ kidnapin ki mal pase.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Machin ki te sot fè kou a te tonbe an pàn, sa ki t ap pral lakòz otè zak yo kanpe nan wout, aprè sa yo te blije sove kite veyikil la ak tout viktim nan, ki se yon dam. Popilasyon an rive mete lapat sou youn nan yo, bat li, kalonnen l ak wòch epi mete manchèt sou li jiskaske l rann dènye souf li.

Kanta viktim nan pa gen pyès detay ki bay sou li, men sila ki devye kou yo sezi yon fizi ak tout machin kidnapè yo t ap tante fè kou a. Sou rezo sosyal yo, menm gen piblikasyon foto materyèl ki sezi yo ak foto kadav youn nan prezime kidnapè yo tiye yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.