Pwogram Biden: USCIS estime dosye yo fè trop tan san yo pa jwenn repons, li prevwa kèk chanjman

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
pwogram biden uscis estime dosye yo fè trop tan san yo pa jwenn repons, li prevwa kèk chanjman

Depi kèk tan anpil Ayisyen ki aplike nan pwogram Imanitè pwovizwa Prezidan ameriken an, Joe Biden te lanse nan dat ki te 5 janvye 2023 a, ap fè fas ak gwo estrès paske yo poko ka jwenn imel yo, malgre anpil tan gentan pase.

Vrèman vre, gen plizyè Ayisyen ki patisipe nan pwogram Imanitè CHNV-134 la k ap plenyen paske yo poko ka jwenn imel ki pou di yo apwouve nan Pwogram sila a. Genyen ki gen plis pase 2 mwa depi yo aplike pou yo men yo poko janm ka jwenn imel.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Se sak fè, akoz plizyè milye ka ki an reta epi k ap tann pwosesis, Sèvis Sitwayènte ak Imigrasyon Etazini (USCIS) te anonse louvèti yon nouvo sant ki pral premye sant k ap konsantre sou ka imanitè yo.

USCIS prevwa rekrite 330 anplwaye siplemantè pou nouvo sant ki apèn louvri a, paske objektik ak
priyorite direktris Sèvis Sitwayènte ak Imigrasyon Etazini (USCIS) se redwi nan tan benefisyè yo ap tann nan.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.