Napoli rate opòtinite pou li te tou ranpòte chanpyona Itali a

Jacky Chery
Par Jacky Chery  - Rédacteur
napoli rate opòtinite pou li te tou ranpòte chanpyona itali a

Avèk match nil (1-1) sa fas Salernitana yè dimanch lan nan estad Diego Armando Maradona a, ekip Napoli a rate yon bèl opòtinite pou te tou chanpyon Serie A a aprè plis pase 30 lane ap kouri dèyè l.

Napoliten yo ki t ap resevwa Salernitana nan okazyon 32èm jounen chanpyona Itali a, pase akote fèt tout vil la te gentan prepare pou selebre nouvo tit sa. Napoli ki t ap mennen (1-0) depi nan 62èm minit gras ak Olivera, pran yon gòl nan fen match la (84’) ki anpeche yo tou chanpyon.

Ekip Luciano Spalletti an ki san dout ap ranpòte tit Serie A a pou sezon sa, pa pwofite move rezilta Lazio Rome lan, dezyèm nan chanpyona a, ki pèdi byen bonè jodi dimanch lan kont Inter Milan (1-3). Napoli pou kò li nan tèt Serie A a avèk 18 pwen anplis ekip aprè li an.

Chanpyona Itali a ki rete 6 jounen pou li fini, prale sezon sa lakay Napoliten yo ki domine konpetisyon sa depi kòmansman jiska lafen avèk prensipalman move sezon ekip tankou Inter Milan ak Juventus ki pa t anmezi ofri yon bon opozisyon.

Avèk move rezilta sa jodi dimanch lan, Napoliten yo ap gen pou deplase vandredi 4 me k ap vini la lakay Udinese kote yon match nil sèlman ap sifi pou sakre ofisyèlman chanpyon Serie A pou sezon 2022/2023 a aprè 32 lane depi dènye tit yo an.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.