Anviwon 20,000 Ayisyen deja rantre Etazini nan pwogram Humanitarian Parole la

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
anviwon 20,000 ayisyen deja rantre etazini nan pwogram humanitarian parole a

Depi lansman pwogram imanitè sejou kondisyonèl administrasyon Joe Biden lan lanse 9 janvye pase a, genyen anviwon 20,000 ayisyen ki deja benefisye epi rantre nan peyi Etazini.

Nan done otorite ameriken yo pibliye vandredi 28 avril ki sot pase a, genyen 18,000 Ayisyen ki deja benefisye pwogram Humanitarian Parole a epi rantre Etazini sòti janvye pou rive mas 2023.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pwogram imanitè sa ki vize akeyi 30,000 migran etranje sou teritwa ameriken an chak mwa pandan de lane, deja otorize plis pase 72,000 moun ki sòti nan divès peyi nan rejyon Amerik la, ladan yo Ayiti.

Avèk anviwon 20,000 moun, Ayiti se peyi ki gen plis benefisyè pwogram sa dèyè Venezuela ki genyen plis pase 32,000 sitwayen deja apwouve epi rantre sou teritwa ameriken an pandan 90 premye jou Humanitarian Parole a.

Daprè done (USCIS) pibliye yo, genyen egalman 15,000 kiben ak 7,500 nikaragweyen ki deja benefisye pwogram migrasyon imanitè sa.

Ajans ameriken pou sitwayènte ak imigrasyon (USCIS) fè konnen sila yo ki tanmen demach pou rantre nan pwogram Humanitarian Parole a kapab pran plis pase 90 jou pou dosye yo an trete akoz kantite demann yo ki twòp.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.