Nasyonzini ak patnè li yo mande kreyasyon yon koulwa imanitè pou gaz sòti Varreux 

Jacky Chery
Par Jacky Chery  - Rédacteur
nasyonzini ak patnè li yo mande kreyasyon yon koulwa imanitè pou gaz sòti varreux 

Nasyonzini di li enkyete sou grav konsekans blokaj Tèminal Varreux a genyen anndan peyi a e mande kreyasyon yon koulwa imanitè imedyatman pou fasilite gaz la sòti e raponn ak bezwen ijan popilasyon an. 

Nan yon kominike pou laprès ki sòti jounen 6 oktòb 2022 a, Nasyonzini fè konnen kriz peyi a ap konnen jounen jodi a afekte popilasyon an sou tout teritwa ayisyen an, an patikilye moun ki pi vilnerab yo ki se premye kategori moun ki viktim blokaj sa. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Daprè Nasyonzini, sou twa mwa k ap vini yo, anviwon 28,900 fanm ansent ak plis pase 28,000 ti bebe riske pa ka jwenn swen sante, tandiske 9,965 ka konplike nan akouchman kapab pa pran an chaj. Pwojeksyon ki te reyalize nan mwa mas 2022 a fè konnen kriz gaz la kapab agrave ensekirite alimantè nan peyi a ki deja atenn 45% popilasyon an. 

Nasyonzini ak patnè li yo enkyete prensipalman sou sitiyasyon mizè ki gen nan 36 sit briksoukou ki gen nan zòn metwopolitèn pòtoprens la ki gen anviwon 21,600 moun ki kite kay yo akoz vyolans gang. 

Nan kominike pou laprès sa, òganizasyon an ak patnè li yo raple enpòtans respè prensip imanitè yo, prensip san paspouki, san patipri ak endepandans nan etablisman epi kenbe aksè ak popilasyon ki touche yo nan yon sitiyasyon ijans. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.